DEKLARASYON
KONGRÈ PATRIYOTIK POU YON SOVTAJ NASYONAL
27 MAS 2025
Ayiti pa kapab ankò. Bandi fin pran peyi a nan men nou, Leta pa pwoteje nou. Depi asasina Prezidan Jovenel Moïse, nou antre pi fon nan yon angrenaj destriksyon k ap vin pi grav chak jou : gang ap simen lanmò ak dezolasyon sou plis teritwa, epi pran plas otorite ; la vi chak jou ap vin yon lanfè ; plis pase yon milyon frè n ak sè n bandi chase lakay yo ap viv nan lari ; timoun pa ka al lekòl ; pa gen lopital pou resevwa malad ; epi politisyen kontinye nan lese frape pou pouvwa, san yon angajman reyèl nan batay kont ensekirite a, ni okenn vizyon pou nasyon an.
Nan moman n ap ekri la a, gang yo vin pi agresif e pi vyolan. Pa ret anyen pou yo fin pran kontwòl tout Pòtoprens. Li enpòtan anpil pou viktim yo ak tout moun ki solidè ak yo bay yon repons kolektif, solid ak òganize, kont ekzekisyon pwojè kriminèl sa a ki vize detwi sosyete a.
Se moman pou chak Ayisyen, fanm kou gason, jèn kou granmoun, peyizan kou moun lavil, k ap viv sou teritwa nasyonal la oswa aletranje, pran responsablite l kòm sitwayen !
Se moman pou ansanm nou repran kontwòl desten nou !
Se poutèt sa nou envite tout pitit Ayiti nan yon Kongrè Patriyotik, yon rasanbleman kote tout fòs pwogresis nasyon an ap ka diskite epi deside sou ki chimen pou n pran pou rebati peyi a sou lòt baz. Kongrè sa a gen twa objektif fondamantal :
- Sekirite anvan tout bagay
Pa gen peyi san sekirite. Pa gen lavi san sekirite. Nou dwe aji san pèdi tan pou nou rezoud kriz sekirite a, reprann kontwòl teritwa a, rekonekte Pòtoprens ak lòt depatman yo, pèmèt fanmi yo retounen lakay yo, epi relanse aktivite ekonomik ak sosyal yo.
- Kase chenn tranzisyon pou tranzisyon an
Se pou nou mete tout kondisyon pou pèp la chwazi dirijan l yo lib, san manipilasyon moun k ap dirije yo, san enfliyans mafya yo, san presyon etranje. Se sèl jan pou dirijan yo jwenn lejitimite ak sipò popilasyon an pou rekonstwi enstitisyon peyi a epi mete l sou chimen lapè ak devlopman.
- Revize gouvènans peyi a
Eske sistèm ki mennen nou nan dezas sa a dwe kontinye ? Eske li kapab garanti sekirite nou ? Eske li kapab mete fen nan chèn san bout sa a kote tranzisyon ap ranplase tranzisyon ? Eske nou pa ta dwe bati yon gouvènans ki sòti anba kontwòl mafya ak gwoup politik k ap sèvi enterè pèsonèl yo, yon gouvènans ki gen mekanis legal, enstitisyonèl ak kiltirèl ki kapab anpeche lènmi nou yo detwi nasyon zansèt yo te kite pou nou a?
Nou menm ki siyen deklarasyon sa a, nou vle mete sa klè : nou pap chèche okenn pozisyon nan okenn tranzisyon.
Se Ayiti, peyi nou, nou vle sove !
Nou mande tout Ayisyen ak Ayisyènn kèlkeswa kote yo ye, pou mete men ansanm pou nou fè kongrè sa a tounen premye pa sou wout chanjman an.
Viv Ayiti !
Oganizasyon ki siyen :
Réseau national de l’enseignement supérieur public (ReNES)
Fritz DESHOMMES
Président
Ronald JEAN-JACQUES
Conseiller au Bureau du ReNES
Narcisse FIÈVRE
Conseiller au Bureau du ReNES
Haitian Studies Association (HSA)
Claudine Michel
Présidente du conseil d’administration
Université Valparaiso
Enex JEAN-CHARLES
Recteur
Université Notre Dame d’Haïti (UNDH)
P. Jean-Mary LOUIS S.J.
Recteur
Institut Universitaire de Formation des Cadres (INUFOCAD)
Dr Vijonet DEMERO
Recteur
Université Épiscopale d’Haïti (UNEPH)
Dr Roldano AUGUSTE
Recteur
Université Quisqueya
Jacky LUMARQUE
Recteur
Université publique du Bas Artibonite à St Marc (UPBAS)
Wilfrid AZARRE Ph. D
Recteur
Université Publique de la Grand’Anse (UPGA)
Jean Rony MÉDY, Ph. D
Recteur
Université Publique du Sud-Est à Jacmel (UPSEJ)
Magdala JEAN-BAPTISTE, Ph. D
Recteur
Université Publique du Nord au Cap-Haïtien (UPNCH)
Joram VIXAMAR, Ph. D.
Recteur
Université Publique de l’Artibonite aux Gonaïves
Manejacques DODAT Jean, Ph. D
Recteur
Université Publique du Nord-Ouest à Port-de-Paix (UPNOPP)
Joël MICHEL, Ph. D
Recteur
Université Publique des Nippes (UPNi)
P. Yves VOLTAIRE
Recteur
Confédération Nationale des Éducateurs d’Haïti (CNEH)
Jean Lavaud FREDERICK
Conseiller spécial, secrétaire général a.i
Coordination Nationale des Organisations Syndicales Haïtiennes (CNOSH)
Mackenson DESARDOUIN
Porte Parole
Confédération des Travailleurs et Travailleuses des Secteurs Public et Privé (CTSP)
Jean Bonald Golinsky FATAL
Président
Rasanbleman Madan Sara (RAMSA)
Jocelyne JEAN-LOUIS
Présidente
Regroupement des étudiants et des visionnaires pour l’émancipation de l’idéal et de la loyauté du nord (REVEIL du nord)
Réginal MESIDOR,
Coordonnateur général
Renel ANTOINE,
Responsable relations publiques ;
Wisly JN-PIERRE,
Secrétaire général
Alovi Dahomey Vodou
Empereur/ Hougan Wilfrid SAINT JUSTE Av .
Coordonnateur Général
Ligue des Églises Évangéliques pour le Développent d’Haïti (LIEGEDH)
Pasteur Notrice Utile SILEUS
Unité Protestante
Darneley SAINT-VILUS
Secrétaire générale
Fondation Rédemption Haïti
Dr Sylvain EXANTUS,
Président
Réveil des Citoyens Haïtiens (RCH) = Fondateur VIHAMO
Rev. Dr. Maxo JOSEPH
Président
Solidarite Pou Retounen Lakay (SORELAK)
Myrlande PARAISON
Présidente
OFCPAS (Organisation des Femmes pour le Changement, le Progrès et l’Assainissement)
Remise BELIZAIRE
Présidente
REFAED (Réseau des Femmes Agro-Entrepreneures d’Haïti)
Josette JEAN-LOUIS
Présidente
POFAC (Plate-forme des Organisations de Femmes pour l’Avancement du Centre)
Lovely CHOUTE
Présidente
FOS Fanm Pou Yon Lòt Ayiti (FOFALA)
Lundad MARSEILLE
Présidente
Fòs Peyizan
Stervins ALEXIS
Coordonnateur national
Konbit Peyizan Nip ak Konbit Fanm Peyizan Nip (KPN/KFPN) .
Berthony PIERRE-LOUIS
Coordonnateur
KOZEPEP
Charles SUFFRARD
Coordonnateur national
Fondation Haïti Futur
Jean Claude Bruffaert
Président
Haitian United Front of the Diaspora
Joel AUGUSTIN
Président du conseil d’administration
Réseau National de Défense des Droits Humains (RNDDH)
Rosy Auguste DUCENA
Responsable de programmes
Sant KARL LEVÊQUE
Gardy MAISONNEUVE
Directeur Exécutif